Famiy Estiverne la ak zanmi yo ap di w byenvini nan mouvman “Yes Ayiti, Wi Ayiti” a. Moun kap vin nan mòn yo, yo menm ki pi pòv yo, swete byenvini tou.
​
Ayiti se yon peyi tropical ki chitta nan lanmè Karayib la a yon distans de 1.348 km de vil Miyami nan Florida. Eta Florida a pi pre Ayiti ke Kalifònya ak Nyou Yòk. Kontras ki genyen ant lòt peyi yo ak Ayiti gran anpil.
​
Ayiti se yon bèl peyi ki gen pi bèl montay ak vale. Nan esperyans mwen, pa gen bagay ki pi lalman ke lè ou rete sou tèt yon mòn pou w ap kontanple lanati. Si w se yon moun ki spirityèl, mòn yo pouse ou lapriyè.
​
Malerezman, Ayiti nan troublay. Move gouvènans, enstabilite politik, esplwatasyon, enjistis, dezas natirèl, kolera, vyolans, ak kidnapin koz Ayiti gen mizè e lap viv nan depandans. Anpil faktori ki te konn bay dyòb femen poutèt problem nou sot site yo. Anpil fanmiy depann de èd finansye diaspora a.
​
Nou menm ak mouveman "Wi Ayiti” kwè ke renmen ka kraze baryè enfènal yo. Lanmou ka ankouraje bon aksyon pami pèp yo. Nou kwè ke kè w plen ak konpasyon pou pèp Ayisyen an. Nou sèten ke u ka di “wi” pou sekouri Ayiti nan projè poulaye ak rebwazman e lòt projè kap vini.
​
Nou vle komanse ak yon poulaye ak rebwazman nan Bonga ki se yon seksyon riral de Kenskòf e ki localize a anviwon 35 Km de kapital la. Ansanm ak pòv yo nou ka ede Ayiti kanpe.
​
Wi Ayiti ka prodwi!
Wi Ayiti bezwen u!
Wi nou bezwen sipò w!
Wi! nou ka chanje Ayiti!
​
Bondye beni Ayiti!
Li beni ou tou!
Nap priye pou ou.